ESPÒ/TRANSFÈ: MILYE TEREN SELEKSYON NASYONAL AYISYÈN NAN ZACHARY HERIVEAUX SIYEN YON KONTRA AK SAN ANTONIO FC.

Ekip amerikèn nan San Antonio FC anonse sou sit entènèt yo ke milye teren seleksyon nasyonal ayisyèn nan Zachary Herivaux se jwè yo jounen vandredi janvye 2020 an.

Milye teren ayisyen an ki fòme nan ekip New England Revolution an ki tap bay sèvis li ak ekip Birminham Legion an pral pote koulè klèb San Antonio FC an, antrenè an menm tan direktè espòtif ekip San Antonio  Allen Marchina  fè konnen li byen kontan gen milye teren ayisyen an nan ekip la e pas li yo pral sèvi yo sitou nan zòn danje yo.

Nap raple Zachary Herivaux jwe 23 match pou ekip Birminham Legion an li fè yon gòl, sit enfòmasyon ekip San Antonio pa di konbyen tan ayisyen an pral fè nan ekip la ni pou konbyen kòb transfè a vini.

 

KREDI FOTO CARIBBEAN POST

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …