AYITI-ESPÒ: PREZIDAN FEDERASYON FOUTBÒL AYISYEN AN AKIZE POU ZAFÈ VYOL SOU TI MEDAM FOUTBÒL YO.

Yves Jean-BART ki se prezidan federasyon foutbòl Ayisyen an gen gwo akizasyon sou tèt li sou kesyon fè vyòl sou ti medam yo nan sant Fifa Gol nan Kwadèboukè selon sa yon jounalis enketè fè konnen nan yon vidéo li poste sou rezosyo yo.

Kèk nan viktim yo ta avwe kijan sa rive fèt kote yon fi nan responsab yo ta aranje avèk ti medam yo pou ta fè yo kwè si yo pa kouche avèk prezidan yo pap ka rete nan sant lan konsa yo pap reyisi rèv yo, selon menm enfomasyon yo toujou anpil nan ti medam yo ta pèdi vijinite yo nan sans sa e genyen ki menm rive ansent kote kèk paran kase fèy kouvri sa.

Malgre prezidan Yves Jean-BART fè konnen se manti yap fè sou li lajistis peyi Ayiti gen anpil kesyon pou li ta poze responsab federasyon Ayisyèn nan espesyalman prezidan ki akize avèk konplisite lòt responsab pou vyole plizyè minè.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …