AYITI/ZEN:BET SOTI WOUT APRÈ  MENNAJ LI REFIZE DEMANN MARYAJ LI

Dènye jou sa yo, chak tan se yon zen sou rezo sosyal yo. Zen politik, pouvwa ak opozisyon ; zen lanmou ant fiyanse k ap mande maryaj k ap dakò ak lòt k ap mande maryaj, mete ajenou, di pawòl ki ka desann syèl la, men k ap jwenn refi douvan je tout moun. Ka sa a, se ka BET, youn nan prezantatè emisyon tele ki fèt sou chèn 2 ki rele 2mokrasi a.

Nan yon videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo, BET nan moman l ap rantre, ta sanble ale nan travay ansyen « madanm » li, Sara. » Je t’aime, I love you, m vle marye avè w « , se ak bèl pawòl sa yo BET te koumanse bat bouch li t ap fè ak Sara a.

Tankou Henri- Frédéric Amiel ta ka di nan yon sitasyon,  » l’amour, c’est la mort du moi pour la naissance du nous ».

BET, nan aksyon l ap poze pa depaman ak sa otè a panse sou koze lanmou. Jenou atè, bag nan men ap lonje ale, kolèg travay ansyen madanm li ap bat bravo, BET di : » Nou fè 7 lane ap viv, m konnen te gen difikilte […] M kite bwè alkòl pou m pa di w betiz ankò. Banm yon chans pandan 2 mwa pou w wè kijan n ap avanse. M vle tounen avè w cheri ».

Pandan tout videyo a, nan sa l di, Sara pa dakò tounen ak BET.  » Ou pa t bezwen fè tout sèn sa yo, m bay vag », se sa l te deklare.

Nan lavi, zòrèy pa dwe pi long pase tande tankou pwovèb la di. Yon lòt kote, Charles Aznavour ta ka di, nan lide pou bay konsèy ak BET : » Il faut savoir quitter la table, lorsque l’amour est desservi, sans s’accrocher l’air pitoyable et partir sans faire de bruit[…] »

Youn nan ansyen animatè nan rigolo terapi, BET, vire li ale lè l wè Sara p ap tounen sou desizyon l. « Wa fè sa w vle avè l », se sa li di lè l lage bag la sou Sara a epi li ale, move kou kong.

*Jackson junior Rinvil*

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …