AYITI/OAVCT: PA GEN KORIPSYON NAN OAVCT SELON ANPLWAYE BWAT LA

Sitiyasyon OAVCT ap travèse denye jou sa yo se konsekans moman peyi lòk yo ki vin agrave swit ak aparisyon Covid19 la selon temwanyaj kèk anplwaye Echojounal te kesyone nan kad yon vizit li te reyalize nan lokal ki loje adminstrasyon jeneral bwat la ki twouvel nan komin taba aprè enfòmasyon ki ta lese kwè Direktè jeneral OAVCT a Fritner BERNADEL nan konplisite ak direktè cabinè li Dieudonné LHERISSON detounen 50 milyon goud chak mwa nan enstitisyon an.

Sa ki selon anplwaye sa yo plis sanble ak yon strateji politik ki vize afebli pouvwa nan moman kote peyi Dayiti ap fè fas ak gwo sitiyasyon sosyo ekonomik ak politik.

Anplwaye sa yo ki pat vle non yo site souliye, malgré tout difikilte bwat la ap travèse denye jou sa yo swit ak konsekans moman peyi lock yo ak koronavirus la di yo satisfè pou travay administrasyon Bernadel la reyalize malgré difikilte ki konn prezante pou yo touche akoz bwat la pa rantre ase lajan.

 »OAVCT lakay ou, egzistans plizyè gichè chofè nan divès kwen andan peyi a, se 2 nan reyalizasyon administrasyon Bernadel reyalize nou pap janm bliye » deklarasyon anplwaye sa yo ki te profite akompaye nou pou nou tal vizite espas kote aktivite yo ap mache klopiklopan.

Nap raple, koudèkont ,ULCC, se 2 prensipal entitisyon ki nan kad yon ankèt ka konfime si wi ou non gen koripsyon.

Fòn souliye ,malgre tout tantativ nou te fè poun te rankontre direktè jeneral ak chèf kabinè OAVCT ak dirijan sendika anplwaye yo, demach yo te parèt vrèman enposib.

 

Angeline Michel.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …