AYITI/DIPLOMASI: PREZIDAN REPIBLIK LA RESEVWA PLIZYÈ JÈN KI PRAL GEN POU REPREZANTE PEYI A LÒT BÒ DLO.

Prezidan repiblik la Jovenel Moïse nan tèt kole ak chanselye ayisyen an Claude Joseph resevwa jounen lendi 29 mas 2021 an nan palè nasyonal plizyè jèn gason ak fi ki pral gen pou reprezante peyi Dayit sou plan diplomasi nan peyi lòt bò dlo.

Chanselye a ki te pran lapawòl nan sikonstans lan fè konnen sou lòd prezidan an yo te òganize yon konkou pou te kapab pase men nan misyon diplomatik la, se konkou sa ki bay jèn sa yo. chanselye a salye nouvo diplomat yo epi an menm tan felisite

Nan diskou prezidan repiblik la Jovenel Moïse, felisite chanselye a ki te òganize konkou a pou pèmèt yo jwenn jèn sou baz merit a travè admisyon kontrèman ak ansyen pratik yo. li mande loreya pou al vann imaj peyi a nan tout domèn.

Nap raple se dis (10) jèn ki soti nan kat kwen peyi a ki rive jwenn opòtinite sa atravè konesans yo pou al byen reprezante Ayiti nan peyi etranje.

 

Echojounal.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …