AYITI/JISTIS:LAJISTIS AYISYEN LIBERE 2 NAN 3 POLISYE KI TE AN IZOLMAN NAN KOMISARYA KANAPEVÈ A.

Òganizasyon ki la pou pwoteje chak sitwayen (OPC )bat bravo  pou liberasyon 2 nan 3 polisye ki te chwazi volontèman tounen nan selil izolman yo aprè fantom 509 te fin libere yo nan mouvman 17 ak 18 mas ki sot pase a.

 » Aprè yon pakèt entèvansyon OPC fè, 2 nan 3 polisye ki te nan selil izolman yo sa gen plis pase yon mwa jwenn liberasyon yo. Marc Milliams Henry ak Harisson Sifroy se 2 nan 3 polisye sa yo ki jwenn liberasyon yo », daprè yon nòt OPC fè soti 28 mas 2021.

OPC mande otorite konsène yo, aprè liberasyon 2 polisye sila yo, pou yo panche sou ka lòt polisye a ki se Feguens Félix pi vit posib.

« Tout entèpelasyon osnon deplasman yon polisye ki te an izolman dwe fèt jan lalwa mande sa kèlkeswa zak yo ta repwoche polisye a », yon rapèl OPC fè nan nòt la pou otorite yo.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …