LEMOND/POLITIK:PREZIDAN VENEZYELA PWOPOZE POU LI BAY PETWO POU  VAKSEN  COVID- 19 LAN

Prezidan Venezyelyen an, Nicolas Maduro, nan yon entèvansyon li fè dimanch 28 mas la pwopoze yon echanj petwòl pou vaksen Covid-19 lan.

 » Venezyela gen petwòl, li gen kliyan ki pare pou achte petwòl sa yo. L ap konsakre yon pati nan pwodiksyon an pou li ka jwenn vaksen li bezwen yo daprè  deklarasyon Prezidan Maduro .

Prezidan deklare : »Nou pare pou nou bay Petwòl pou vaksen an sepandan nou pap mande pèsòn ».

N ap raple, yon lòt bò, Venezyela te refize 15 mas ki sot pase a vaksen AstraZeneka pou efè segondè li ka genyen sou popilasyon an.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:France 24

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …