Lajistis ap pousuiv Blaise Compaoré, ansyen chèf Leta peyi Boukinafaso nan dosye asasina Thomas Sankara.
Daprè desizyon lajistis nan peyi Boukinafaso, Blaise Compaoré dwe vin nan pwosès pou enplikasyon li nan lanmò Thomas Sankara e yo akize li tou akoz li te sere kadav la.
Zak asasinay, sere kadav ak konplo kont Leta se kèk nan akizasyon Blaise Compaoré gen sou do li lakoz tribinal peyi Boukinabè mete yon manda entènasyonal dèyè li.
Nan dosye sa gen nenpòt 14 moun lajistis epengle epi youn nan yo se Hyacinthe Kafando ki akize ki te touye menm Thomas Sankara ak konpayon li yo.
Echojounal
Kredi foto:wikipedia