LEMOND / DIPLOMASI : PREZIDAN VLADIMIR POUTINE ENTÈDI PLIZYÈ MANM GOUVÈNMAN JOE BIDEN RANTRE NAN PEYI LARISI.

Gouvènman Vladimir Poutine entèdi minis jistis ameriken an Merrick Garland, sekirite enteryè Alejandro Mayorkas, konseyè politik enteryè Susan Rice, patwon FBI la Christopher Wray ak direktris ransèyman Avril Haines, ministè afè etranjè la Risi a epi li pran menm mezi sa yo kont chèf prizon peyi Etazini an Michael Carvajal, ansyen konseye ansyen prezidan Donald Trump lan John Bolton ak ansyen chèf CIA Robert James Woolsey .

Minis lan deside rann piblik lis gwo pèsonaj ameriken sa yo ki paka mete pye yo nan peyi Larisi pandan gouvènay prezidan Vladimir Poutine  .

 » Nou pral mete fen tou ak aktivite fondasyon ,ONG ameriken yo nan peyi la Risi ki ap foure kò yo nan sak pa regade yo sitou zafè politik peyi an » deklarasyon chèf diplomatik  peyi Larisi a .

N ap raple, konfli diplomatik sa deklare nan koumansman mwa Mas la nan yon twit prezidan ameriken Joe Biden, te deklare prezidan peyi Larisi a se yon demon. Daprè Biden, Poutine t ap fè move jesyon pèp Ris la.

Dieuva Occidor

Kredi foto : France 24

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …