AYITI/ EKONOMI : « FÈ LÒT BIYÈ POU METE SOU MACHE A SE PA SOLISYON AN » DAPRÈ EKONOMIS ÉTZER EMILE.

Ekonomis Étzer Émile, fè konnen fè lòt biyè goud ak pigwo montan mete sou mache a pa pral solisyon an ak kriz ekonomik peyi Dayiti ap fè fas la.

Selon ekonomis lan solisyon ak kriz la se rive estabilize ekonomi an, pou rive ak moman sa fòk otorite yo dakò pou kreye kondisyon sosyal ak politik nan peyi a.

Yon lòt bò, nan sa ki gen pou wè ak gwo kalòt goud la ap pran nan men dola ameriken an pwofesè inivèsite rete kwè se paske peyi a pa pwodwi, finans piblik la pa òganize kote Leta ap depanse lajan ke li pa genyen ak kriz politik la kise prensipal koz devalorizasyon goud la devan dola ameriken an .

Espesyalis nan ekonomi an konseye pouvwa anplas la pou redwi nan depans li yo pou kapab amelyore nivo la mizè a nan peyi a .

Dieuva Occidor .

Kredi foto:you tube

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …