AYITI / SOSYTE : LANSMAN OFISYÈL ÒGANIZASYON RECERE-N NAN DEPATMAN NIP.

Regwoupmam sitwayen angaje pou renouvo nip ( RECERE-N), fè lansman yo jounen samdi 17 Avril 2021 an nan depatman Nip.

Seremoni lansman sa te fèt nan komin fondènèg an prezans manm estrikti a kite sòti nan 11 komin depatman an ak plizyè envite pami yo ekonomis Etzer Émile.

Nan entèvansyon li Kòdonatè RECERE-N lan Frantz Delia, nan entèvansyon li fè konnen òganizasyon sa gen pou objektif defann enterè depatman nip.

Pilwen li fè konnen òganizasyon an gen manm li nan tout 11 komin yo,37 seksyon kominal yo ak 513 abitasyon depatman nip.

pwofesè inivèsite a fè konnen ( RECERE-N) pral travay epi idantifye diferan pwoblèm depatman nip lan ap fè fas tankou: nan edikasyon, sante, kredi agrikòl, sekirite ak inegalite sosyal.

Kòdonatè (RECERE-N) lan Frantz Delia, fè konnen òganizasyon an pral travay pou kapab fè diferans ak lòt òganizasyon ki la deja, epi ankouraje lòt moun pou vin manm estrikti a .

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …