AYITI/POLITIK: PREMYE MINIS PWOVIZWA, REYINI AK CSPN NAN EPI SEKTÈ PRIVE A NAN BATAY K AP MENNEN POU FRAPE FENOMÈM ENSEKIRITE A

Premye minis pwovizwa a, doktè Claude Joseph, reyini jounen samdi 17 avril 2021 an  ak CSPN nan epi sektè prive a nan lide pou frape fenomèm  kidnapin nan  ki pa sispann taye banda nan peyi a.

Doktè Claude Joseph, nonmen premye minis pwovizwa depi 5 jou anviwon, vle mete fren ak ensekirite a epi kidnapin nan k ap layite tout kote sou bout tè a.

 » Tande sa sektè prive an panse, pataje ak li tout dènye mezi ki pran nan lide pou frape ensekirite a ak fenomèm kidnapin nan pandan gouvènman an ap garanti transparans nan aksyon lap poze yo se pwen sa yo ki abòde nan CSPN selon enfòmasyon  Claude Joseph  ekri sou kont twitè li.

Depi lè li nonmen premye minis pwovizwa mèkredi ki sot pase a, Claude Joseph gentan dirije 2 CSPN. Annatandan popilasyon an wè sou kisa yo ap debouche.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …