LEMOND / MANIFESTASYON : PLIZYÈ MILYE MOUN NAN PEYI BREZIL MANIFESTE KONT PREZIDAN JAIR BOLSONARO.

Plizyè milye manifestan pran lari nan samdi vent nèf (29) me 2021 an, nan peyi Brezil pou denonse move jesyon prezidan Jair Bolsonaro fè ak maladi kowonaviris la ki deja touye pou pi piti kat san swasanteyen( 461 000) mil moun.

Pou piti di mil moun (10 000) manifeste pou denonse jesyon gouvènman Brezil la,  » pèsonn moun pat dwe nan lari pandan kowonaviris la. Men, Bolsonaro pa fè anyen ni okenn altènativ, nou pran lari a pou nou defann lavi nou. Nou pap ka ret tann eleksyon prezidansyèl 2022″, deklarasyon lidè mouvman travayè san abri (MTST) Guilherme Boulos.

Plizyè lòt manifestan kritike konpòtman gouvènman brezilyen an ak tout prezidan Jair Bolsonaro, paske yo kwè si kanpay vaksinasyon an te fèt li tap ede redwi nan kantite dega pandemi kowonaviris la ap fè nan peyi Brezil.

Dieuva Occidor

Kredi foto:AFP

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …