AYITI/KOWONAVIRIS: GOUVÈNMAN AYISYEN AN DEKRETE KENZ (15) ETA IJANS SOU TERITWA.

Nan yon arete prezidan repiblik la Jovenel Moïse, pibliye jounen madi premye (1) jen 2021 an, li dekrete kenz (15) jou eta ijans sou teritwa nasyonal la.

Nan arete sa ki gen nèf atik kote gouvènman pase lòd pou respekte yo jan yo ekri nan arete a :

– Nan atik premye a (atik 1-), gouvènman fè konnen yo dekrete eta ijans sou tout teritwa nasyonal la ki kòmanse depi jounen madi premye (1) jen 2021 an kise dat arete a pibliye a.

-Nan atik de (2) a, gouvènman mande pou tout lekòl fèmen pòt yo onz (11)
jen sèlman klas egzamen Leta yo ki pap fèmen.

-Nan atik twa (3) ak kat (4) lan, gouvènman mande ak tout manm popilasyon an pou pote mas nan tout espas yo ap frekante ak enstalasyon pwen kote pou moun lave men yo.

– Nan atik senk (5), sis (6) ak sèt (7) arete a gouvènman ki fè konnen priz tanperiti kò tout moun obligatwa nan enstitisyon prive ak piblik, respekte distans fizik yon mèt enkant (1m 50) lan ak p enstitisyon prive ak piblik yo dwe diminiye pèsonèl yo ak senkant pousan (50%).

– Nan atik uit (8) la, gouvènman fè konnen gen kouvrefe ki sou tout peyi depil fè dizè (10 zè) nan aswè pou rive senkè (5 è) nan maten.

Pou fini, nan atik nèf (9) la ki di depi arete sa sòti premye minis lan dwe fèl rive jwenn chak manm nan gouvènman ki konsène, epi pou fòs lòd yo fè respekte arete a sou teritwa nasyonal la.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …