AYITI/ANIVÈSÈ: YON ETWAL NAN SAL REDAKSYON ECHOJOUNAL AP SELEBRE YON NOUVO REKÒT KAFE.

_Dieuva Occidor, youn nan redaktè ajans enfòmasyon an liy « echo Jounal », ap fete yon nouvo prentan mèkredi 2 Jwen 2021 an._

Dieuva Occidor fèt yon 2 jwen kou jounen jodi a nan lane 1997 nan daptman sidès peyi a, patiklyèman nan komin Kòtdefè.

Dieuva se yon etwal nan kominote kote li ap evolye a. Li gen plizyè chapo. Jèn pwofesyonèl, Dieuva Occidor etidye karelaj ak videyografi ; li gen yon fòmasyon nan devlopman pwofesyonèl jèn ki marande ak lidèchip, pwoteksyon dwa timoun epi devlopman kominote.

Rele Dieuva Occidor jèn lidè kominote pap yon langaj abizif, nan sans sa, se sa l li ye vrèman. Lòt bagay, li se reprezantan depatmantal Nip (CLE-HAÏTI) ki se sant ayisyen nan zafè lidèchip ak ekselans.

Dieuva pa sèlman yon senp lidè nan kominote a, men li se tou etidyan pou moman kounya nan syans jiridik.

Pwofesyon jounalis aprè etid li te fin fè nan domèn nan, li se direktè enfòmasyon nan radyo Caribbean fm ki chita kò li nan depatman Nip; li se tou youn nan redaktè « écho Jounal » yo.

Anplwaye ajans an liy « echo Jounal » yo konnen Dieuva Occidor pou foug li, pou sans serye li, pou fason li toujou ap entèvni nan bay konsèy pou medya a ale pi lwen jouk nan ginen. Nan sans sa, tout ekip echo a nan non PDG a ki se Emmanuel Hubert swete yon bon rekòt kafe ak zanmi- frè nou, Dieuva Occidor.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …