AYITI/MOUVMAN: MINIS JISTIS AK SEKIRITE PIBLIK LA PASE YON MOVE MOMAN NAN VIL JAKMÈL.

Minis jistis ak sekirite piblik la mèt Rock Feller Vincent, manke kite pol madi premye (1) jen 2021 an nan vil Jakmèl nan moman minis lan ta pral òganize yon rankont nan jiridiksyon an.

Minis jistis ak sekirite piblik la mèt Rock Feller Vincent, ki tap òganize yon rankont ak Apantè, Notè nan jiridiksyon Jakmèl sou konfli tè ki ap kangrannen jiridiksyon sa. Yon rankont ki pat rive fèt akoz militan nan vil Jakmèl te kanpe kont rankont sa, kote yo deklare yo te pè pou se pat yon rankont referandòm ki tap fèt nan vil la.

 » Nou nan lari a, pou nou fè echèk ak tout tantativ ki vle vin fè rankont referandòm nan vil Jakmèl, nou di non ak referandòm lan nou ap fè tout sa nou kapab poun fè echèk avèl paske konstitisyon an entèdil » deklarasyon youn nan pwotestatè yo.

Nou ap siyale, nan yon entèvansyon pòt pawòl minis jistis ak sekirite piblik la mèt Daniel Jean, ki demanti enfòmasyon kòm kwa minis jistis ak sekirite piblik la te pete kouri nan vil Jakmèl madi premye (1) jen 2021 an.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …