LEMOND/ELEKSYON: PALMAN ISRAYÈL ELI YON NOUVO PREZIDAN

Palman Israyèl, eli jounen mèkredi de (2) jen 2021 an, yon nouvo prezidan nan tèt peyi a nan moman peyi a ap travèse yon kriz politik.

Isaac Herzog, swasant (60) lane, se nouvo prezidan peyi Israyèl nan kad eleksyon palman depite a òganize jounen mèkredi a ki fèl vin okipe onzyèm plas prezidan peyi sa. Isaac Herzog, se chèf pati travayis ak prezidan ajans juive, Isaac ranplase ansyen prezidan Reuven Rivlin.

Selon televizyon chèn palmantè fè konnen Isaac Herzog, eli ak katreven sèt vwa (87) kont venn sis (26) vwa. Nan diskou li nouvo prezidan deklare  » mwen mete sou dom yon gwo responsabilite ke nou ban mwen, dyòb prezidan se pa yon dyòb politik nou pral travay pou reyini tout sektè ».

Nou ap raple, Isaac Herzog, pran tèt peyi Israyèl kòm nouvo prezidan nan moman peyi sa nan yon konfli ame ak Palestin.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …