AYITI / KOWONAVIRIS : YOUN NAN AJAN EGZEKITIF ENTERIMÈ WANAMENT YO GEN KOWONAVIRIS .

Ajan egzekitif enterimè komin Wanament lan, Luma Demetrus, teste pozitif ak maladi nouvo kowonaviris la pou kounye a li twouvel nan yon sant ki fèt pou trete moun ki gen kowonaviris.

Selon yon pwòch majistra, ki konfime majistra te teste pozitif ak kowonaviris la men, aprè dyagnostik yo medsen yo voye majistra antre lakay li paske li pat reprezante twò gwo danje.

Pou kounye a, majistra Luma Demetruis, ki twouvel lakay li nan izolman ankouraje manm nan popilasyon nan komin Wanament ak rès peyi a pou respekte mezi baryè yo pou evite pwopagasyon kowonaviris la.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …