Ant dèy nasyonal ak pwofondè kriz la, pèp la ap mande kote aksyon yo ?

Pandan dlo ap koule nan je fanmi viktim yo apre gwo trajedi ki frape Sitadèl la, repons gouvènman an ak otorite lokal yo sanble limite yo nan yon sèl bagay : seremoni ak bèl diskou. Ant dekrè dèy nasyonal ak dezakò sou kantite jou pou kriye mò yo, kesyon sekirite ak responsablite Leta a rete nan yon twou nwa.

Depi apre dram nan, se menm refren an nou ap tande nan bouch otorite yo nan Pòtoprens. Gouvènman pwovizwa a, ki toujou anreta sou reyalite peyi a, kontante li kondane sa ki pase a epi voye kominike senpati. Nan yon Konsèy Minis ki fèt prese dimanch 12 avril 2026 la, yo deside dekrete twa (3) jou dèy nasyonal epi pwomèt yo ap peye pou antèman viktim yo.

Pou anpil obsèvatè, desizyon sa a se yon « maskarad » ki la sèlman pou kache mank vizyon lidè yo. Olye pou gouvènman an ta anonse mezi konkrè pou sekirize sit touristik nou yo oswa yon ankèt serye pou konnen kote fay la te soti, yo pito jwe wòl « ponp finèb ». Leta sanble pi alèz pou antere moun pase pou li sove lavi.

Milot kont Pòtoprens : Batay pou jou dèy
Kòm si trajedi a pa te ase, yon lòt kriz pete nan nivo administrasyon an. Pandan gouvènman de fakto a ap pale de 3 jou dèy, Lameri Milo bò pa li anonse se 2 jou dèy yo ap obsève. Dezòd sa a nan kominikasyon an montre klèman jan pa gen okenn kowòdinasyon ant Leta santral la ak otorite lokal yo.

Lè otorite yo ap goumen pou konnen konbyen jou yo ap mete drapo an bèn, olye yo chita ansanm pou jwenn solisyon pou evite lòt drame konsa, sa montre aklè nivo feblès enstitisyon nou yo.

Nan lari Milo ak nan rès peyi a, kòlè a ap moute. Moun yo pa mande sèlman bèl antèman, yo mande jistis ak sekirite. Èske se chak fwa gen yon trajedi nasyonal pou Leta ap soti nòt kondolans sèlman ? Ki kote kòb antretyen moniman sa yo pase ? Ki moun ki responsab neglijans sa a ?

Jouska prezan, pa gen okenn tèt ki tonbe, pa gen okenn refòm ki anonse. Pandan nou ap konte jou dèy yo, nou ap mande tèt nou : ki pwochen katastwòf ki ap tann nou pandan Leta ap dòmi ?

 

About Emmanuel Hubert

Check Also

‎Ayiti/DIE: KI SA MINIS BIEN-AIMÉ AP KACHE DÈYÈ DESIZYON « TÈT ANBA » SA A?

Pandan dlo ap koule nan je anpil anplwaye nan Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon (DIE), yon …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager