Ant manti ak provokasyon: Èske lemonn ap dekouvri vrè figi « foli » Donald Trump devan Iran?

Yon lòt fwa ankò, prezidan ameriken an, Donald Trump, lage yon pawòl ki fè anpil moun poze kesyon sou fason li jere diplomasi entènasyonal la. Lendi 13 avril 2026 la, nan yon deklarasyon depaman depi nan Mezon Blanch, li fè konnen lidè iranyen yo ap « mouri » pou yo fè yon kontra ak Etazini « a nenpòt pri ». Men, dèyè bèl diskou sa a, anpil obsèvatè wè yon estrateji provokasyon ak machinasyon ki ap bat dlo pou fè bè.

Depi kèk tan, se pa sèlman sanksyon ekonomik Trump ap itilize kont Iran. Li ap mennen yon lagè sikolojik kote li ap eseye simen divizyon nan mitan otorite yo nan Teheran. Lè li di « lòt bò a te rele nou », se yon tantativ klè pou li kreye sispèk andedan gouvènman iranyen an, pou li fè pèp la kwè lidè yo ap vann diyite peyi a anba tab.

‎Prezidan ameriken an ap itilize manti ak manipilasyon kòm zam pou li eseye kraze inite nasyonal yon peyi ki refize bese tèt devan dikta li.

‎Fas ak tout bwi sa yo ki ap soti Washington, otorite iranyen yo montre yo mèt jwèt la. Olye pou yo kouri reponn ak kòlè, yo rete poze, yo ap gade jwèt la ak anpil entèlijans. Politik « pasifik » ak fèm sa a ap pouse Etazini nan yon kwen kote se Trump menm ki parèt soti nan wòl li.

‎Lè Iran chwazi pa tonbe nan pyèj provokasyon yo, li fòse kominote entènasyonal la wè reyalite a jan lk ye a: yon bò gen yon nasyon ki ap defann souverènte li ak diyite li, epi yon lòt bò gen yon lidè nan tèt pi gwo pwisans mondyal la ki ap aji tankou moun ki pèdi tèt li.

‎Yon prezidan « fou » nan je lemonn?
‎Pawòl Donald Trump yo kòmanse gen efè kontrè ak sa li te espere. Jodi a, anpil diplomat ak analis atravè mond lan kòmanse dedwi ke deklarasyon prezidan ameriken an pa gen okenn baz serye. Lè li pale de « echèk diskisyon nan Pakistan » pou li jistifye presyon li yo, sa parèt plis tankou yon istwa li envante pou kache feblès li.

‎Nan je anpil moun, Trump pa parèt tankou yon gran negosyatè ankò, men tankou yon moun ki ap bay manti pou li eseye sove vizaj li. Pandan li ap eseye montre Iran fèb, se pwòp kredibilite pa li ki ap efondre. Mond lan ap dekouvri yon prezidan ki sèvi ak provokasyon paske li pa gen okenn lòt solisyon diplomatik ki solid nan men li.

​Nan yon lòt mouvman ki montre jan li pa gen limit nan provokasyon, Donald Trump deklare lendi sa a li pa gen okenn entansyon mande Pap Leon XIV eskiz. Prezidan an trete chèf Legliz la kòm yon moun ki « fèb anpil » paske Pap la te kritike jan li ap jere dosye Iran an epi li te mande pou vyolans lan sispann.

​Trump ale pi lwen toujou, li pretann Pap la ap fè « fo deklarasyon » epi li pa gen ase fòs devan kriminèl. Atak sa a sou yon otorite moral konsa montre aklè nivo machinasyon Trump ap itilize: si ou pa dakò ak lagè li ap pouse a, pou li menm, ou se yon moun ki fèb oswa yon mantè. Sa a se yon lòt prèv ki pouse anpil moun kwè prezidan an pèdi tout sans reyalite ak respè nan diplomasi entènasyonal la

Sa pou nou kenbe: Pandan Etazini ap itilize machinasyon pou divize, Iran ap itilize pasyans ak laverite pou defann tèt li. Match sa a pa sèlman yon lagè politik, se yon batay ant moun ki ap bay manti ak nasyon ki ap goumen pou respè yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Japon lonje yon men fò bay PAM pou anpeche vòl UNHAS yo kanpe nan peyi Dayiti

Nan lide pou kore operasyon imanitè yo ki ap mache nan yon kondisyon ki difisil …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager