Yon lòt fwa ankò, prezidan ameriken an, Donald Trump, lage yon pawòl ki fè anpil moun poze kesyon sou fason li jere diplomasi entènasyonal la. Lendi 13 avril 2026 la, nan yon deklarasyon depaman depi nan Mezon Blanch, li fè konnen lidè iranyen yo ap « mouri » pou yo fè yon …
Read More »Lemonn/Gè: Emira Arab Ini mande pou Iran peye reparasyon epi mande Etazini plis esplikasyon sou trèv la
Gouvènman Emira Arab Ini (EAU) pa kache pozisyon li kòmsadwa jounen mèkredi 8 avril 2026 la konsènan tansyon ki ap monte nan zòn Gòlf la. Nan yon kòminike ofisyèl, otorite yo deklare fòk Iran peye pou tout « domaj ak reparasyon » atak li yo lakòz nan rejyon an, pandan …
Read More »Lemond/Gè: Èske se yon viktwa pou Iran? Trump fè bak devan « Plan 10 Pwen » Teheran an.
Nan yon virewon ki kite tout obsèvatè entènasyonal yo bouch ouvè, Prezidan ameriken an, Donald Trump, anonse li sispann tout atak ak bonbadman kont peyi Iran pou yon peryòd de semèn. Desizyon sa a tonbe sèlman kèlke minit anvan delè « iltimatòm » li te bay la te rive nan bout li. …
Read More »Iran/Etazini/Gè: Iran reponn Trump, rejyon an ka tounen « Lanfè »
Pandan lemonn ap gade ak kè sote konfli ki ap dejenere nan Mwayen Oryan an, prezidan Palman iranyen an, Mohammad Bagher Ghalibaf, voye yon mesaj klè bay prezidan ameriken an, Donald Trump. Li avèti ke si Etazini kontinye sou chemen sa a, se tout rejyon an nèt ki pral « boule ». …
Read More »Etazini/Iran/Gè: Donald Trump bay Iran yon iltimatòm 48 èdtan
Tansyon an moute wo ant peyi Etazini ak Iran apre Prezidan Donald Trump te pibliye yon mesaj ki chaje ak kòlè sou rezo sosyal li a, Truth Social. Chèf deta ameriken an bay gouvènman Teheran an yon delè 48 èdtan pou yo relouvri detwa Òmiz la, sinon li menase pou …
Read More »Lemonn/Gè: Donald Trump anonse Lèzetazini pral kòmanse « retire kò yo » nan lagè kont Iran an
Prezidan ameriken an, Donald Trump, pibliye yon mesaj sou platfòm li an Truth Social jodi vandredi 20 mas 2026 la, kote li fè konnen Lèzetazini ap pare pou « diminye tikras pa tikras » operasyon militè li yo nan Mwayen Oryan kont rejim iranyen an. Apre plizyè semèn gwo kout zam …
Read More »Iran fèmen pòt negosyasyon ak Etazini: «Pa gen okenn rezon pou nou pale ak yo»
Nan yon entèvyou ki pase dimanch 15 mas 2026 sa a sou chèn Ameriken CBS, Minis Afè Etranjè peyi Iran an, Abbas Araghchi, voye jete byen lwen posiblite pou gen yon dyalòg ak Washington, malgre deklarasyon Prezidan Donald Trump ki fè kwè yon akò prèt pou jwenn. Pandan tansyon yo …
Read More »Etazini/Alèt wouj: FBI dekouvri yon plan sekrè Iran pou bonbade Kalifòni ak « drone » depi sou lanmè!
Yon dokiman sekrè FBI, ke chèn televizyon ABC News rive konsilte mèkredi 11 mas 2026 sa a, mete fòs sekirite yo nan gwo lalerte nan eta Kalifòni. Dapre rapò sa a, peyi Iran ta ap prepare yon plan pou voye « drone » al frape plizyè kote sou kòt lwès peyi Etazini. …
Read More »Espò/Mondyal 2026 : Iran rale kò li nan Koup dimond 2026 la
Minis espò peyi Iran an, Ahmad Donyamali, anonse jodi mèkredi 11 mas 2026 la, seleksyon nasyonal li a pap patisipe nan Koup dimond foutbòl ki ap fèt Ozetazini, nan peyi Kanada ak Meksik nan mwa jen ki ap vini la a. Se yon kout loraj nan syèl klè. Pandan tout …
Read More »Lemonn/Politik: Mojtaba Khamenei pran plas papa li kòm Gid Siprèm nan peyi Iran
Dimanch 8 mas 2026 sa a, Mojtaba Khamenei vini ofisyèlman kòm nouvo Gid Siprèm Repiblik Islamik Iran an. Li ranplase papa li, Ayatollah Ali Khamenei, ki te mouri depi premye jou lagè a, malgre gwo presyon ak avètisman Leta Izrayèl ak peyi Etazini ap fè sou do peyi a. …
Read More »
Echojounal echojounal.net