ESPÒ: GRENADYÈ YO RANTRE NAN PEYI A AYÈ.

Aprè patisipasyon yo nan nevyèm edisyon mondyal foutbòl fanm pi piti pase 20 lane a nan peyi lafrans , seleksyon ayisyèn nan rantre nan peyi a ayè  mèkredi 15 dawout 2018 la. Otorite nan leta ansanm ak manm sektè prive a te akeyi jèn grenadyè yo ak anpil bèl flè …

Li Plis »

AYITI ILA: YON LÒT DWAYEN NAN TÈT FAKILTE ETNOLOJI.

Konsèy egzekitif inivèsite leta ayiti a (ILA) anonse, nan yon nòt ofisyèl , dwayen fakilte etnoloji a, Jean Yves Blot , pran konje poul al etidye. Nan nòt sa ki parèt  Madi 14 out 2018 la, konsèy egzekitif inivèsite leta a  » enfòme kominote inivèsite a dwayen Jean Yves Blot …

Li Plis »

AYITI DIFE: GWO DIFE EKLATE NAN DISTRI ESKOL PÒMAGO A

Nan lanwit Madi 14 pou louvri mèkredi 15 dawout la, endividi otorite yo poko idantifye mete dife nan lokal distri eskòl pòmago a ( depatman nò) Daprè sa kolaboratè Echo Jounal konstate . Atoufè yo komèt yon zak sa twa (3) semèn selman avan lekòl la louvri. Kervens Louis Kervenslouis459@gmail.com …

Li Plis »

ESPÒ: GRENADYÈ YO AP RANTRE JODI A.

Seleksyon nasyonal foutbòl fanm pi piti pase 20 lane e ki sòt reprezante ayiti ak anpil fyète nan mondyal kategori sa , nan peyi lafrans ap rantre pòtoprens nan mitan jounen an mèkredi 15 dawout la. Federasyon ayisyèn foutbòl la (FHF, nan lang fransè a) mande popilasyon an al akeyi …

Li Plis »

ESPÒ: DAVID SILVA ANONSE LI PRAN RETRÈT ENTÈNASYONAL LI.

Jwè peyi Espay David Silva mete bout nan karyè entènasyonal li. Aprè Piqué ak Iniesta, David Silva ki genyen 32 lane, anonse ayè lendi 13 dawout la li pap pote koulè seleksyon espanyòl la ankò. Mitan teren Manchester City a te defann espay pandan 125 match kote li make 35 …

Li Plis »