Aprè patisipasyon yo nan nevyèm edisyon mondyal foutbòl fanm pi piti pase 20 lane a nan peyi lafrans , seleksyon ayisyèn nan rantre nan peyi a ayè mèkredi 15 dawout 2018 la.
Otorite nan leta ansanm ak manm sektè prive a te akeyi jèn grenadyè yo ak anpil bèl flè ansanm ak drapo peyi a.
Eliminasyon seleksyon nasyonal la depi nan premye tou koup dimond lan pat anpeche ayisyen tout kote sou latè te santi anpil fyète pou fason ekip la te defann koulè peyi a.
Kervens Louis
Kervenslouis459@gmail.com
+509 44120020