Popilasyon Kanapevè a nan tèt kole ak plizyè zòn nan kapital la ke bandi yo, gouvènman defakto a, ak konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout yo mete deyò lakay yo a ap pile beton an pou jounen mèkredi 16 avril 2025 lan. Manifestasyon sa ki ap reyini moun Kanapevè, …
Read More »Ayiti/Manifestasyon: Popilasyon Kanapevè a anonse yo ap pile beton an pou bon, gouvènman defakto deja pran dispozisyon.
Popilasyon Kanapevè a anonse yo ap pile beton an pou bon jou ki ap mèkredi 16 avril 2025 lan pou kapab libere peyi a anba grif manm Konsèy Prezidansyèl Chak moun fè ti kout yo, premye minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé ak alye yo gwoup bandi « Viv Ansanm » yo. …
Read More »Ayiti/Zen: Apre komin Mibalè vil Okay nan wout pou li livre bay bandi, Guy Philippe reyaji.
Nan yon lèt tou louvri ki pote dat 11 avril 2025 direktè depatmantal Sid polis la, Daniel Compère voye bay direktè jeneral polis la, Normil Rameau li fè li konnen genyon gwoup 33 nèg ak gwo zàm fann fwa ki ap prepare pou pran kontwòl vil Okay. Selon sa direktè …
Read More »Ayiti/Ensekirite: Lapolis bliye misyon yo nan Kenskòf lakoz bandi yo fè gwo dega nan komin nan.
Bandi « Viv Ansanm » yo fè gwo dega nan zòn « Godet » ki chita kò li nan komin Kenskòf nan lannwit vandredi 11 pou rive samdi 12 avril 2025 lan. Sa rive apre polisye ki te la pou te pwoteje zòn sila yo te ale dòmi ak fanm ke bandi yo te …
Read More »Ayiti/Ensekirite: Lapolis nasyonal nan lakou peyi Dayiti pèdi de (2) fòmatè pou jounen 9 avril 2025 lan.
Pandan jounen mèkredi 9 avril 2025 lan enspektè divizyonè, Rony Jose ak Sulmon Job tonbe anba kout bal bandi sou wout awopò nan lakou Pòtoprens. Selon enfo ki rive jwenn nou sa rive nan moman bandi yo te ap tante kidnape yon moun e polisye yo ki te nan yon …
Read More »Ayiti/Ensekirite: Bandi yo poze gwo kondisyon pou pa fin boule e touye rès moun ki rete nan Mibalè yo.
Apre gwo atak bandi yo fin fè sou popilasyon Mibalè a kote, yo kraze prizon, atake komisarya, boule kay ti malere malerèz, boule biznis nan zòn nan e touye anpil moun nan popilasyon an, yo poze kondisyon pou yo pa fin boule sa ki poko boule yo ak touye moun …
Read More »Ayiti/Ensekirite: Gwo laperèz nan mitan ofisye fòs miltinasyonal la nan lakou peyi Dayiti.
Ofisye ki nan fòs miltinasyonal yo ki gen pou sig MMSS pa deside moute kèk nan cha yo pou ale nan operasyon kont bandi yo ki ap vale teren nan peyi a e yo pa vle fè pye sòl. Desizyon sa vini apre de (2) nan ofisye kenyan yo te …
Read More »Ayiti/Manifestasyon: Popilasyon an pran lari nan Pòtoprens, lapolis fè li jan blan an mande a.
Plizyè milye moun pran lari jounen mèkredi 2 avril 2025 lan pou mande manm « Konsèy Prezidansyèl chak moun fè ti kout yo » ak premye minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé pou met sekirite nan peyi a oubyen pou yo kite pouvwa a. Yon manifestasyon lapolis pa te pran tan pou …
Read More »Ayiti/Ensekirite: Gouvènman defakto a nan wout pou fè viktwa sou pèp Mibalè a.
Gouvènman defakto a nan tèt kole ak konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la nan wout pou fè gwo viktwa sou popilasyon an Mibalè a apre gwoup bandi « Viv Ansanm » yo atake byen bonè maten lendi 31 mas 2025 lan komin nan. Malgre bandi yo te anonse sa, otorite …
Read More »Ayiti/Disparisyon: Detay sou disparisyon anplwaye Ona a, Fabrice Cadet.
Jan enfo a ap kouri sou tout rezo yo, anplwaye Ona, Fabrice Cadet kite lakay li Karade depi samdi 15 fevriye 2025 lan nan lè 4:00 apre midi, depi lè sa li pa janm rantre. Apre 3 jou rechèch fanmi an ak kèk pwòch li, yo retwouve machin li nan …
Read More »
Echojounal echojounal.net