Gwo kè sote nan lakou peyi Dayiti apre prezidan e an menm tan pòt pawòl gwoup bandi « viv Ansanm » nan, ansyen polisye Jimmy Cherisier ke tout moun konnen sou non « Babekyou » fin anonse li ak popilasyon an kote li mande yo pou yo rete lakay yo pou yo pa pran lari si yo pa bezwen jou ki ap 17 novanm nan.
Plizyè enstitisyon nan peyi a tankou lekòl, kèk biwo piblik kou prive deja mande paran elèv yo ak anplwaye yo pou rete lakay yo jounen lendi 17 novanm 2025 lan, yo pran desizyon sa pou evite yo pa viktim anba men mesye « Viv Ansanm » yo ki anonse yo ap pile beton an.
Lapolis bò kote pa yo konvoke tout polisye yo pou antre nan baz yo menm, si polisye a ta an konje li dwe rejwenn gwoup li nan objektif pou ta kontre kare aksyon ke bandi yo anonse pou jounen 17 novanm nan ak rès jou yo.
Nou ap fè ou konnen pou jounen 16 novanm 2025 lan, anpil kout bat tire nan plizyè kwen nan peyi a tankou nan Simon/Pele, Taba, Kenskòf nan kafou marasa pou site sa yo.
Echojounal echojounal.net