‎Ayiti/Britalite lapolis: Jounalis Carlos Augustin viktim britalite polisyè, laprès deside bay yon repons

Tansyon an monte nan vil Nissage Saget a apre ajan Lapolis Nasyonal peyi Dayiti (PNH) fin bat jounalis Carlos Augustin a ray nan apre midi lendi 9 mas 2026 la. Pandan kòlèg jounalis yo ap prepare yon repons fèm, anpil moun raple avètisman yon sendika nan lapolis te voye sou mank fòmasyon ajan sa yo.

‎Selon enfo yo se nan moman li te ap pase nan yon kontwòl woutin nan vil Senmak, korespondan radyo Vision 2000 lan, Carlos Augustin, te jwenn move tretman nan men plizyè ajan lapolis. Dapre temwayaj ki ap sikile, polisye sa yo ki fèk debake nan vil la, pa te ezite sèvi ak fòs twòp sou jounalis la, yon aksyon ki lakòz anpil kòlè nan mitan popilasyon an.

‎Nou pote pou ou wòl ak enpòtans ministè kilti genyen nan yon peyi, jis klike la

👇🏼👇🏼👇🏼👇🏼👇🏼👇🏼👇🏼

‎​Sa ki rive a sanble konfime kè sote yon sendika lapolis te genyen depi kèk tan. Anvan menm ensidan sa a te rive, sendika a te deja denonse fason fòmasyon ajan sa yo te fèt. Dapre sa yo te fè konnen nan moman an, tan fòmasyon an te twò kout e li pa te ase pou bay polisyè yo matirite ak preparasyon nesesè pou yo jere popilasyon an ak respè. Yo te avèti depi lè sa a ke voye jenn ajan sa yo sou teren an san ase preparasyon te ka mennen nan yon deriv konsa.

‎Bò kote pa yo, travayè laprès nan vil Senmak pa gen entansyon kite sa pase konsa. Yo anonse yon gwo rankont prese-prese pou yo pran yon pozisyon fèm ansanm. Pami desizyon ki ap diskite yo, jounalis yo anvizaje sispann kouvri tout aktivite lapolis nan rejyon an kòm siy pwotestasyon pou mande jistis pou Carlos Augustin.

‎Depi rive nouvo ajan sa yo nan zòn nan, anpil sitwayen te deja kòmanse pote plent pou jan polisye yo ap kraze rak epi ap entimide moun san rezon. Pou kounye a, otorite yo nan lapolis nan depatman Latibonit lan poko bay okenn eksplikasyon ofisyèl sou agresyon sa a.

About Angeline Michel

Check Also

Ayiti/​Eleksyon: Plis pase 35 pati politik gentan anrejistre nan premye semèn nan

‎Nan kad aplikasyon kalandriye elektoral la, premye semèn enskripsyon pou pati politik, gwoupman ak regwoupman …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager