‎Ayiti/Demolisyon: Majistra Wilson Jeudi deplwaye gwo angen pou kraze konstriksyon anachik yo

Pawòl nan bouch pa rann pwa lavé. Jan li te anonse li a, administrasyon kominal Delmas a pase nan aksyon jounen mèkredi 11 fevriye 2026 la. Sou lòd majistra enterimè a, Wilson Jeudiy, yon gwo konvwa ki gen ladan li kamyon, bouldozè ak lòt gwo angen lou anvayi plizyè zòn nan komin nan pou dekonstwi tout sa ki te ap ankonbre twotwa yo.

‎​
‎​Soti nan kafou Ayewopò rive nan Delmas 31, pase nan zòn Cité Okay, se menm sèn nan: rido fè ak beton ki ap tonbe anba grif machin yo. Majistra a te prezan an pèsòn pou li sipèvize travay la, sa ki montre detèminasyon li pou li rache tout sa ki anpeche pyeton sikile ak machin pase.

‎​Dapre otorite yo, konstriksyon sa yo te fèt san okenn otorizasyon epi yo te rann lavi a difisil pou moun ki ap mache a pye ki te blije ap batay ak machin nan mitan lari a.

‎​
‎​Operasyon sa a pa epaye pèsonn. Pami mèt biznis ki te enstale kò yo sou espas piblik la, genyen ladan yo ki se pou polisye (PNH) ak sòlda nan Fòs lame peyi Dayiti (FADH).

‎​Majistra Jeudy pa te kache pou li di sa li panse sou dosye sa a. Malgre li kraze anpil kote deja, li deside bay moun nan kò lame ak lapolis yo yon ti bout tan ankò. Li akòde yo yon dèle 48 èdtan pou yo demonte estrikti metalik yo enstale sou twotwa yo poukont yo. Si sa pa fèt, bouldozè yo ap pase pran yo san gade dèyè.

‎​
‎​Pou anpil moun nan popilasyon an, aksyon sa a nesesè pou mete lòd nan vil la, menmsi sa lakòz kèk dlo nan je bò kote machann yo. Objektif la klè: rann lari a aksesib epi pèmèt komin Delmas reprann vizaj yon vil ki ap fonksyone nòmalman.

About Echojounal

Check Also

Ayiti/Ensekirite: 299 moun mouri nan mwa janvye, kriz sekirite a depase limit

Nan yon kominike ki rann piblik jounen 11 fevriye 2026 la, Biwo Kominikasyon ORDEDH trase …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager