Pandan dlo ap koule nan je anpil anplwaye nan Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon (DIE), yon gwo dout plane sou desizyon Minis Enteryè a, Paul Antoine Bien-Aimé, pran pou li mete sou kote yon gwoup travayè DCPJ deja blanchi nan dosye « de (2) paspò yo ». Ant abi pouvwa ak manèv politik, anpil moun ap mande: ki sa ki kache dèyè vwal sa a?
Sa ki ap pase nan Ministè Enteryè a sanble ak yon fim kote lojik la tèt anba. Lè yon enstitisyon tankou Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) fin mennen ankèt epi blanchi anplwaye yo, nan nenpòt Leta de dwa, moun sa yo ta dwe retounen nan pòs yo ak tout diyite yo. Men, pou Minis Bien-Aimé, sanble rapò lapolis pa vo anyen.
Sa ki pi bizar nan istwa sa a, se jan Ministè a ap aji ak de vitès:
* Bò isit: Yo pilonnen dwa anplwaye DCPJ di ki inosan nan dosye paspò yo.
* Bò la: Minis la rete bra kwaze devan lòt anplwaye ULCC te lonje dwèt sou yo pou koripsyon depi nan lane 2025.
Poukisa moun ki gen prèv koripsyon sou do yo ap travay trankil, pandan yo ap pèsekite sa yo ki pa gen anyen nan kaye yo? Kesyon sa a merite yon repons rapid.
Dosye a pran yon lòt dimansyon depi nou aprann Depatman Deta Ameriken te oblije kontakte DIE dirèkteman. Sanble otorite ameriken yo pa te menm okouran de magouy sa yo, alòske se yon dosye ki konsène sekirite fwontyè yo tou.
Si se Minis la menm ki mande Parquet Pòtoprens transfere dosye a nan tribinal anba pretèks paspò yo te fèt « andeyò nòm », poukisa jiska prezan li pa ka bay yon sèl prèv pou kore desizyon li an?
Ki enterè ki kache?
Lè yon chèf ap pran desizyon san prèv, epi li ap mache sou rapò teknik otorite jidisyè yo, sa vle di gen yon ajanda kache.
* Èske yo ap chèche « bouk emisè » pou kouvri gwo tonton moun nan gouvènman an?
* Èske se yon fason pou netwaye enstitisyon an pou mete « moun pa » yo?
* Oubyen, èske gen yon verite ki pi grav ki manti nan dosye de paspò sa yo Minis la pè pou li pa parèt deyò?
Dwa moun ak respè administrasyon piblik la an danje lè se volonte yon sèl moun ki ranplase lalwa ak rapò ankèt. Minis Paul Antoine Bien-Aimé dwe sispann jwe « mwen pa konnen » epi bay nasyon an esplikasyon klè. Paske, nan fason li ap aji a, li pa sèlman ap kraze karyè nèg ak fanm inosan, li ap fin dekouraje tout sa ki te rete nan kredibilite leta a.
Lè lajistis blanchi yon moun, se libète li ak dwa li pou li jwenn. Nenpòt lòt desizyon se diktati ak pèsekisyon politik!
Echojounal echojounal.net