Ayiti/Dram/ fwontyè : GARR revòlte apre asasina 4 fanm ayisyen nan zòn Elías Piña

Gwoup Sipò pou Rapatriye ak Refijye (GARR) eksprime gwo kòlè ak endiyasyon li apre nouvèl lanmò trajik omwen kat fanm migran ayisyen. Krim sa yo rive nan zòn fwontyè Elías Piña, nan peyi Repiblik Dominikèn.

‎​Dapre yon nòt òganizasyon an pibliye, zak sasinay sa yo montre aklè jan fanm ki ap chèche travèse fwontyè a vilnerab anba men rezo kriminèl yo. GARR dekouraje anpil devan jan lavi moun ap gaspiye nan chèche yon pi bon lavi.

‎​
‎​Òganizasyon ki ap defann dwa moun nan fè konnen se nan kad trafic ak trèt moun krim sa yo komèt. Kriminèl yo pwofite sitiyasyon prekè ak bezwen migran yo pou yo fè gwo abi sou yo. GARR kalifye zak sa yo kòm « krim odye » ki pa dwe rete san pinisyon.

‎​
‎​Fas ak gravite sitiyasyon an, GARR lanse yon kout klakson bay otorite yo nan tou de bò zile a:
‎​Idantifikasyon viktim yo: Li mande Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) pou yo kolabore rapidman ak lapolis dominiken pou rive mete non sou figi viktim yo.
‎​Sipò pou fanmi yo: Li nesesè pou otorite yo jwenn fanmi medam sa yo pou yo ka fè dèy yo ak diyite.
‎​Lajistis: GARR mande pou gen yon ankèt serye ki fèt pou limyè ka fèt sou
‎ sikonstans asasina sa yo epi pou koupab yo jwenn pinisyon yo merite devan lalwa.

‎​
‎​Tragedi sa a rive nan yon moman kote tansyon yo wo anpil sou fwontyè a epi depòtasyon yo ap miltipliye. Defansè dwa moun yo pa sispann kritike jan migran yo, sitou fanm ak timoun, ap sibi move tretman nan chimen kote y ap chèche sekirite.

About Echojounal

Check Also

‎Ayiti/​Sekirite: PNH Dekrete « Alerte Maximale » nan tout peyi a.

Direksyon Jeneral Polis Nasyonal peyi Dayiti a (DGPNH) pran yon gwo desizyon pou ranfòse sekirite …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager