AYITI/EDIKASYON/ENSEKIRITE: PARAN AK ELÈV YO KONNEN YON JEDI NWA NAN KAPITAL LA.

Gras ak manm « Konsèy Prezidansyèl chak moun fè ti kout la » ak gouvènman defakto a ki gen nan tèt li Alix Didier Fils-Aimé ki pa fè anyen pou rezoud pwoblèm ensekirite a nan peyi a, plizyè elèv ak paran konnen yon jounen jedi 12 desanm 2024 nwa.

Nan mitan jounen jedi 12 desanm sila anpil kout bal tire nan plizyè kwen nan kapital la, sa ki ta pral mete paran ak elèv yo nan gwo mache prese, paran te ap kouri nan tout direksyon ak timoun yo, plizyè nan yo moto ak machin frape, sa ki ta pral pouse anpil nan paran yo kritike direksyon lekòl yo ki deside fè timoun yo vin konpoze nan yon moman kote bal pa janm sispann pete ant lapolis ak bandi yo, ak bandi ki kontinye ap pran plis tèritwa.

Selon plizyè nan paran yo se yon desizyon direksyon lekòl yo pran pou fè lajan, anpil nan yo fè konnen yo ap kenbe pitit yo lakay yo apre moman nwa sa yo konnen an, yo voye plizyè mesaj piman bouk bay manm « konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la « ki, selon yo pap regle anyen serye pou peyi a ke plen pòch yo.

Nou ap fè ou konnen bal mawon tonbe nan plizyè lakou lekòl ak sal klas, pami lekòl sa yo « Institution Saint Louis de Conzague » ki chita kò li nan Dèlma 33, sa ki te mete gwo kè sote nan mitan elèv yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Edikasyon/krim: Plizyè paran elèv mè Lali denonse lekòl sila ki deside met pye sou kou yo.

Plizyè paran elèv « Institution Sainte Rose de Lima » ke tout moun konnen sou non « mè …