Ayiti/Edikasyon: Yon rezilta tristès met souri sou bouch paran ak elèv nevyèm yo.

Otorite defakto yo ki nan tèt ministè edikasyon nasyonal peyi Dayiti yo pibliye rezilta egzamen ofisyèl yo pou klas nevyèm ane yo, yon rezilta tris ki met souri sou bouch paran ak elèv yo.

Nan rezilta sila nò peyi a bay plis elèv ki pase nan yon to 96.54%, depatman lwès la vin an dezyèm pozisyon ak yon to 95.16% elèv ki pase, Lwès wi! Grandans bay 93.74%, Latibonit bay 86,01%, Nòdès bay 87,53%, Nip bay 72,49%, e Nòdwès vin an dènyè pozisyon ak 54,19%, rezilta sant lan poko disponib.

Yon rezilta ki ta dwe fè moun poze tèt yo anpil kesyon, lè nou konnen kijan sityasyon an te difisil ane a pou elèv yo espesyalman nan lwès la, kote pi fò lekòl te kan, lise yo pat travay akoz grèv pwofesè ki pat touche, lekòl ki te rive sove kèk kou yo te fè sa en liy, anpil nan elèv yo pat rive swiv kou sa yo pou plizyè rezon tankou nèt, kouran pou site sa yo e gen elèv ki pa te menm gen chans pou swiv yon kou pou ane a.

Poutan, fich yo soti yo konpoze, èske lekòl kounye a se jis pase? soti nan yon klas ale nan yon lòt klas san swiv yon pwogram, san konprann anyen, san fòmasyon? Paran kontan podjab! Pitit li pase. Paran kontan paske li fè anpil sakrifis pou peye lekòl la, pi gwo rekonpans li ka jwenn se sa, elèv la pa swiv yon kou li chanje klas, misyon li se fini lekòl, pèsòn pa janm di yo se konesans lan ki enpòtan, se sa ki rete nan tèt yo a ki enpòtan.

Pandan, nan lakou peyi Dayiti lekòl chita sou pa kè, pil matyè e gen lòt se pale pil fransè, menm pwofesè yo se pa kè yo ap vide sou tablo bay elèv yo, yo jis bliye yon mo, sa ou tande a kou a tou kanpe. Yon elèv ki gen 3 lane depi li pase nan yon klas kapab fè yon lòt elèv kado kaye a e lè sa elèv sa pap bezwen pran nòt pwof la se menm bagay yo anyen pap chanje, sa koz yon elèv ki tèmine etid li pa menm konnen tab 8 pou nou pa twò egzajere.

kilè ap genyon moun serye ki ap nome nan tèt ministè edikasyon nasyonal pou ta chanje sistèm sa pou evite peyi a plonje plis toujou nan twou kote li ye a? Nan tout sosye edikasyon se nimewo 1.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Alèt: RHAJAC denonse yon rezo kriminèl ke gouvènman defakto a ap pwoteje.

Nan yon kominike pou laprès ki pote dat 23 out 2025, RHAJAC kontinye denonse yon …