Ayiti/Ensekirite: 299 moun mouri nan mwa janvye, kriz sekirite a depase limit

Nan yon kominike ki rann piblik jounen 11 fevriye 2026 la, Biwo Kominikasyon ORDEDH trase yon pòtre sonm sou reyalite peyi a. Premye mwa ane a fini ak yon bilan ki bay dlo nan je : 299 moun pèdi lavi yo anba bal, pandan kowalisyon gang yo ap dikte lalwa nan tèt ansanm ak yon endistri kidnapping ki ap fin dechèpiye popilasyon an.

​Depi kòmansman ane 2026 la, lavi moun an Ayiti sanble pa gen valè ankò. Daprè chif ORDEDH yo, se pa yon senp kriz sekirite nou ap viv, se yon veritab atak sou diyite moun kote sivil yo tounen sib prensipal anba men gwoup ame ki pa pè anyen.

​Done estatistik yo mete deyò yon verite ki fè pè: kowalisyon gang ki rele Viv Ansanm lan responsab 42,81 % nan lanmò ki anrejistre nan mwa janvye a. Sa montre aklè se gwoup sa yo ki ap kontwole lavi ak lanmò nan peyi a.

​Bò kote pa yo, sivil yo reprezante 32,11 % nan viktim yo. Sa vle di, se pèp la ki ap peye pi gwo pri a nan lagè sa a. Yon lòt reyalite ki frape moun, se feblès Leta: Lapolis Nasyonal (PNH) sèlman enplike nan 0,33 % nan ka yo, sa ki montre jan enstitisyon an depase pa evènman yo epi li pa gen pwa devan fòs nwa yo.

​Depatman Lwès: Episant lanmò
​Vyolans lan pa gaye menm jan sou tout teritwa a, li konsantre nan kè peyi a. Men kijan lanmò yo distribye selon rejyon yo:
​Depatman Lwès (Pòtoprens): Se la ki gen plis san ki koule ak 85,28 % nan moun ki mouri yo.

​Latibonit ak Sant: Chak depatman sa yo gen 4,35 % nan bilan an, sa ki montre vyolans lan ap pran rasin nan pwovens yo tou.Lòt rejyon yo: Yo anrejistre pousantaj ki pi ba, ant 0,33 % ak 2,34 %.

​Lapolis nan enpas, Leta parèt dekouraje
​Pandan moun ap tonbe anba bal, endistri kidnapping lan ap taye banda. Kominike ORDEDH la pa mete dlo nan bouch li pou li kritike Direksyon Jeneral PNH la. Malgre tout bèl diskou, rezilta yo sou teren an rete « flou » ak « ensifizan ». Popilasyon an santi l lage pou kont li devan « predatè » ki ap ransonnen fanmi yo san okenn kè sansib.

​Yon apèl pou yon lòt jan de sekou
​Lè nou gade jan peyi a ap desann nan twou, kominike a mande yon « konsyans imedya ». Li mande aktè nasyonal yo ak kominote entènasyonal la pou yo sispann gade kriz la de lwen. ORDEDH mande:
​Yon solidarite ki ap aji tout bon vre, pa sèlman bèl mo nan diplomasi.
​Yon asistans teknik ak estratejik pou kore sekirite a san pèdi tan.

Lè a pa pou demi-mesure ankò. Si anyen pa fèt pou kanpe espiral vyolans sa a, Ayiti riske tounen yon teritwa kote se dezòd ki ap dikte lalwa nèt ale nan plas sivilizasyon. Pèp la bouke konte kadav, li bezwen sekirite pou li viv kòm moun.

About Echojounal

Check Also

‎Ayiti/Demolisyon: Majistra Wilson Jeudi deplwaye gwo angen pou kraze konstriksyon anachik yo

Pawòl nan bouch pa rann pwa lavé. Jan li te anonse li a, administrasyon kominal …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager