Ayiti/Ensekirite: Bandi yo poze gwo kondisyon pou pa fin boule e touye rès moun ki rete nan Mibalè yo.

Apre gwo atak bandi yo fin fè sou popilasyon Mibalè a kote, yo kraze prizon, atake komisarya, boule kay ti malere malerèz, boule biznis nan zòn nan e touye anpil moun nan popilasyon an, yo poze kondisyon pou yo pa fin boule sa ki poko boule yo ak touye moun ki poko mouri yo.

Youn nan chèf bandi ki ap mennen atak sila a ki se « Jeff Gwo Lwa », li mande pou 20 gwo tèt nan komin sila fè yon video pou mande li sa e rekonèt tout sa ki rive yo se akoz brigad « Feray »ak moun ki te bloke wout la yo, li fè konnen depi yo fè sa li ap retire tout mesye li yo nan komin Mibalè.

Selon enfo nou rive jwenn gen anpil moun nan komin Sodo ki anba raje, anpil nan yo blese yo pa ka ale lopital, yo pa jwenn manje, dlo, gouvènman defakto a nan tèt kole ak konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la pa fè okenn entèvansyon pou libere moun yo ki ap soufri nan raje a.

About Echojounal

Check Also

Haïti/Intempérie: Cinq départements de la république D’Haïti en virgilance rouge

L’Unité Hydro Météorologique d’Haïti (UHM) de concert avec la Direction Générale de la Protection Civile …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager