Apre gwo atak bandi yo fin fè sou popilasyon Mibalè a kote, yo kraze prizon, atake komisarya, boule kay ti malere malerèz, boule biznis nan zòn nan e touye anpil moun nan popilasyon an, yo poze kondisyon pou yo pa fin boule sa ki poko boule yo ak touye moun ki poko mouri yo.
Youn nan chèf bandi ki ap mennen atak sila a ki se « Jeff Gwo Lwa », li mande pou 20 gwo tèt nan komin sila fè yon video pou mande li sa e rekonèt tout sa ki rive yo se akoz brigad « Feray »ak moun ki te bloke wout la yo, li fè konnen depi yo fè sa li ap retire tout mesye li yo nan komin Mibalè.
Selon enfo nou rive jwenn gen anpil moun nan komin Sodo ki anba raje, anpil nan yo blese yo pa ka ale lopital, yo pa jwenn manje, dlo, gouvènman defakto a nan tèt kole ak konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la pa fè okenn entèvansyon pou libere moun yo ki ap soufri nan raje a.