Ayiti/Ensekirite: Gwo konfli otorite eklate ant lapolis la ak bandi « viv Ansanm » yo.

Gwo konfli otorite eklate ant lapolis la ak bandi « Viv Ansanm » yo apre prezidan e an menm tann pòt pawòl gwoup bandi sila, Jimmy Cherisier ke tout moun konnen sou non Babekyou fin mande tout moun pou retounen lakay yo.

Touswit apre plizyè videyo ke Babekyou fin mete deyò pou pale ak moun Dèlma 30, Kafou Awopò, « Christ roi », Solino, Dèlma 24 pou site sa yo, popilasyon an pa pran tan pou pote boure al gade kijan sa ye, meri Dèlma ap netwaye, retire fatra, barikad pou fasilite moun yo jwenn kote pou yo pase, si pou anpil ki ale se dezolasyon lè rive yo pa jwenn anyen e genyen ki pa menm jwenn plasman kay yo, yon seri lòt yo menm deside rete malgre jan sa ye, konsa tou anpil lòt pwofite pran ti sa jwenn e lage pye yo.

Yon aksyon PHN la pa wè twò byen, nan mitan jounen samdi 30 out 2025 lan, ekip kominikasyon PNH la soti yon nòt sou fòm videyo pou mande moun yo pa retounen lakay yo e raple moun yo ke se bandi sa yo ki te mete yo deyò yo pa gen pou yo pran lòd nan men yo, yo fè konnen se yo menm ak gouvènman defakto ki ap gen pou di yo kilè pou yo tounen, yo mande pèp la yon ti pasyans.

Yon nòt ki pa sonnen twò byen nan zòrèy kèk moun ki deja retounen lakay yo, selon moun sa yo ki pi fò ladan yo te nan kan se yon wont gouvènman an ap fè sèvi kòlè, yo menm rive mande ki kote lapolis te ye depi tann dat yo te deyò a, yo mande konbyen zòn bandi yo pran deja ke lapolis rive mete yo deyò e pran kontwòl zòn nan, moun sa yo voye jete byen lwen nòt lapolis la.

Nou ap fè ou konnen nan tout zòn ke mouche Babekyou mande moun yo pou retounen yo tout bandi ki te la yo deja deplase e antre nan baz yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Alèt: RHAJAC denonse yon rezo kriminèl ke gouvènman defakto a ap pwoteje.

Nan yon kominike pou laprès ki pote dat 23 out 2025, RHAJAC kontinye denonse yon …