Ayiti/Ensekirite: « Viv Ansanm » reyaji sou dife ki mete nan lopital jeneral la, sa ki pouse anpil kesyon rete san repons.

« Viv Ansanm » reyaji sou dife ki mete nan apre midi jedi 13 fevriye 2025 lan nan lopital jeneral la, apre reyaksyon an anpil gwo kesyon ap poze.

Nan reyaksyon sa, mesye « Viv Ansanm » yo pa vini ak videyo pou moutre kote yo ap fè aksyon an jan yo te fè sa 24 desanm 2024 pase a kote yon polisye te tonbe e plizyè jounalis te pran bal, chèf gwoup « Viv Ansanm » nan an menm tan pòt pawòl la Jimmy Cherisier ke tout moun konnen sou non « Babekyou » fè konnen se pa yo menm ki fè aksyon an.

Pou kore sa li di a, li deklare lè yo fè yon zak oubyen yon aksyon yo asime li, selon li aksyon sa se yon kou politik pou ba yo chay pou fè lemond wè pati politik yo vle enpoze a se yon gwoup kriminèl, li ale pi lwen pou mande DCPJ ouvri yon ankèt sou sa ki pase a. Sa ki pouse moun poze kesyon, sa ki ap pase konsa nan peyi a? Èske genyon lòt gwoup bandi ki ap fonksyone nan peyi a?

Selon enfo yo anvan yo mete dife nan lopital la, yo pote ale yon pil materyèl enpòtan ki vo plis pase 3 milyon dola vèt, sa ki pouse moun ap poze kesyon toujou kijan bandi yo te fè konnen materyèl sa yo anndan an, poukisa otorite defakto yo pa te retire yo pandan yo konnen materyèl yo chè e yo pa gen kontwòl espas la?

Si se pa ta mesye « Viv Ansanm » yo ki ta fè aksyon an, kiyès ki dèyè li? Poukisa mesye USGPN yo pa bay kout men nan perimèt la? Pandan yo pre lopital la, Pandan nou konnen palè nasyonal pa gen prezidan, kisa ki anpeche yo bay kout men?

Selon direktè lopital la, Prince Sonson Pierre yo ap travay pou jwenn lòt espas pou mete lopital la kidonk, yo ap kouri pou bandi yo, kote pil sòlda ki ap antre nan peyi a yo pou fòs miltinasyonal la, sa yo ap regle? ki misyon yo menm? Pandan nou konnen ki enpòtans lopital la genyen pou popilasyon an ki ap pran bal chak jou Bondye mete. Poukisa anyen pa janm fèt pou mete sekirite nan perimèt lopital la e pèmèt li rekanpe pou bay pèp la sèvis?

Dosye a swiv!

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Lemond/Migran: Plis pase 400 mil migran ladan yo 17 mil ayisyen livre tèt yo nan yon « Jungle » pou ane 2024 la.

Yon biwo ki ap defann dwa moun nan peyi Panama mete deyò nan dat 7 …