Peyi Dayiti anba entèdiksyon FAA ki se administrasyon federal avyasyon nasyon zini yo pou tout rès mwa nan ane 2025 lan.
Jan nou te anonse sa nan dat 28 out 2025 lan nan yon twit la, konpayi avyon ameriken yo entèdi pou rantre awopò entènasyonal « Toussaint Louverture » a nan kapital peyi Dayiti
https://x.com/Echojounal/status/1961019543838462190?t=-S5_XFQClz4kTVMxtshBeA&s=19
Administrasyon federal avyasyon nasyon zini yo anonse jounen vandredi 5 septanm 2025 lan ke okenn avyon komèsyal pa gen dwa pou yo desann nan awopò « Toussaint Louverture » an nan kapital peyi Dayiti, yo fè konnen entèdikdyon sa la pou jis 7 mas 2026.
Nou ap fè ou konnen entèdiksyon sa sou èpòt la depi an novanm 2023 apre yo te fin fè konnen bandi « Viv Ansanm » yo te ouvè kout bal sou plizyè avyon tankou: Spirit, JetBlue ak American Airlines.
Echojounal echojounal.net