Ayiti/Etazini: Peyi Dayiti anba entèdiksyon FAA pou tout rès mwa nan ane 2025 lan.

Peyi Dayiti anba entèdiksyon FAA ki se administrasyon federal avyasyon nasyon zini yo pou tout rès mwa nan ane 2025 lan.

Jan nou te anonse sa nan dat 28 out 2025 lan nan yon twit la, konpayi avyon ameriken yo entèdi pou rantre awopò entènasyonal « Toussaint Louverture » a nan kapital peyi Dayiti

https://x.com/Echojounal/status/1961019543838462190?t=-S5_XFQClz4kTVMxtshBeA&s=19

Administrasyon federal avyasyon nasyon zini yo anonse jounen vandredi 5 septanm 2025 lan ke okenn avyon komèsyal pa gen dwa pou yo desann nan awopò « Toussaint Louverture » an nan kapital peyi Dayiti, yo fè konnen entèdikdyon sa la pou jis 7 mas 2026.

Nou ap fè ou konnen entèdiksyon sa sou èpòt la depi an novanm 2023 apre yo te fin fè konnen bandi « Viv Ansanm » yo te ouvè kout bal sou plizyè avyon tankou: Spirit, JetBlue ak American Airlines.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Avyon ameriken ak salvadoryen ateri nan ayewopò Toussaint-Louverture nan kad rechèch 4 militè ki disparèt

Plizyè avyon ki soti Etazini ak peyi El Salvadò ateri vandredi 23 oktòb 2026 sa …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager