Popilasyon ayisyen an anba yon gwo koudeta ekonomik ankò. Aprè gouvènman defakto a te fin moute pri gaz la ak plizyè dizèn goud, sa pa gen lontan, yo te chwazi fè yon rale men kote yo retire kèk ti goud senbolik sou li. Pi gwo kout kouto a: yo pa menm manyen pri gazolin lan, ki se gaz malere ak chofè transpò piblik yo plis itilize. Pou anpeche pèp la revòlte kont gwo blòf sa a, yon konfli zam pete bridsoukou nan komin Site Solèy. Yon koyensidans ki twò bèl pou li ta vre, epi ki montre aklè konplisite leta nan ratman atifisyèl sa a.
Estrateji otorite yo parèt aklè kounye a nan je tout moun. Yo moute pri gaz la byen wo, yo pran gwo kòb nan pòch popilasyon an, epi lè presyon an moute, yo fè kòmsi yo gen kè sansib: yo retire de twa goud sou dyezèl ak kerozèn, epi yo kite gazolin lan nan menm pri egzòbitan an.
Olye pou desizyon sa a ta pote yon soulajman, se yon kriz gaz pi rèd li deklanche. Kòm gouvènman an pa vle ba yo gazolin lan nan yon pri ki rezonab, yo pito kreye yon ratman kalkile pou fòse moun achte li pi chè toujou sou mache nwa a.
Pou jistifye poukisa gazolin lan pa jwenn nan ponp yo, fòk te gen yon eskiz ki solid. Se la jwèt la vin pi makawon: yon lagè pete ant gwoup ame nan Site Solèy, egzakteman nan zòn kote Tèminal Varreux a ye, la kote tout gaz peyi a estoke.
Sa a se yon teknik divèsyon gouvènman an abitye itilize. Lè yo bezwen sere gaz la pou fè rasi:
1. Yo bay bandi yo vòt pou yo limen dife nan zòn nan.
2. Tout kamyon sitèn bloke, yo pa ka antre ni soti.
3. Gouvènman an lave men li tankou Pons Pilat, li di: « Se pa fòt nou, se bandi k ap goumen ki anpeche gaz la distribiye. »
Deklarasyon yon sendikalist transpò:
« Gouvènman an pa vle touche pri gazolin lan paske se la yo fè plis kòb sou do malere. Konfli sa a nan Site Solèy la se yon komand ki fèt depi anwo pou fèmen robinet gazolin lan epi kreye ratman an. Se bandi ak kravat ki ap kolabore ak bandi ak zam. »
Ratman sa a pa gen anyen pou wè ak mank pwodui sou mache a, se yon plan byen kalkile pou pwoteje enterè gwo chabrak yo ak finans gouvènman defakto a. Pandan ponp yo fèmen nèt, lari a anvayi ak bidon gazolin ki ap vann 3 fwa pi chè anba je otorite yo ki pa di yon mo.
Leta sa a montre li pa gen okenn volonte pou li rezoud kriz la oubyen pou li ba pèp la yon ti souf. Okontrè, yo pito negosye ak kriminèl pou bloke tèminal yo, kreye ratman, epi kontinye souse dènye degout san ki rete nan kò popilasyon an. Teyat la demaske, e konplisite gouvènman an ak bandi yo pou bloke gazolin lan parèt aklè devan je tout nasyon an.
Echojounal echojounal.net