Yon gwo pa franchi nan dosye konplisite ant ansyen responsab leta ak gang ame yo nan peyi a. Lakou Dapèl Pòtoprens rann desizyon l madi 21 jiyè 2026 la: ansyen wo fonksyonè Magalie Habitant, Victor Prophane ansanm ak Elionor Devallon voye devan tribinal kriminèl ki ap syeje san asistans jiri.
Desizyon sa a rive apre plizyè mwa tande ak konparisyon devan lajistis. Li vin konfime pouswit ki te lanse kont 3 akize yo pou gwo sispèk ki peze sou yo kòm moun ki ta gen relasyon ak gwoup ame ki ap simen laterè ak dezòd nan peyi a.
Lè yon dosye voye devan yon tribinal kriminèl san jiri, sa vle di se majistra pwofesyonèl yo sèl ki pral tande ka sa a akòz nivo gravite ak konpleksite akizasyon yo.
Avèk desizyon sa a, dosye a franchi yon etap fondamantal ki pral ouvri chemen pou yon gwo pwose fèt. Sa montre tou gen yon volonte pou ranfòse pwosedi legal yo anba je lajistis kont tout konplisite ki ta egziste ant mond politik la ak kriminalite telegide a.
Nou ap rapòte pou kounye a, 3 ansyen fonksyonè sa yo toujou benefisye presizyon inosans jiskaske pwose a fèt epi jistis rann yon sèten vèdik final.
Echojounal echojounal.net