Presidant pa entèrim peyi Venezuelya, Delcy Rodriguez, declare mèkredi 2 septanm 2026 la ke eleksyon pral fèt nan peyi a lè « Venezyelya va pare ». Deklarasyon sa a fèt nan yon moman kote gouvènman an ak yon pati nan opozisyon an kòmanse yon seri negosyasyon,Lèzetazini ap pouse pou gen yon tranzisyon demokratik nan peyi a.
« Pa gen okenn dout sou sa, ap gen yon pwosesis elektoral, men se lè Venezyelya va pare, » se sa madanm Rodriguez te deklare devan laprès. Deklarasyon sa a te fèt touswit apre siyati plizyè akò nan domèn enerji, kote minis Enerji ameriken an, Chris Wright, te prezan tou.
Rasanbleman sa a ak siyati akò yo montre yon pa enpòtan nan relasyon ant Washington ak Karakas, pandan yo ap chèche jwenn yon akò ki ka pote estabilite politik ak ekonomik nan peyi a. Men, pozisyon presidans lan sou dat eleksyon yo montre ke pouvwa an plas la vle kenbe kontwòl sou kalandriye politik la pandan chita-tande yo ap kontinye.
Echojounal echojounal.net