Ayiti/Eleksyon: KEP a pase men nan kalandriye elektoral la, men dat 13 desanm nan pa chanje

Enskripsyon 30 000 manm yo sou platfòm dijital Konsèy Electoral Pwovizwa a (KEP) pran plis tan pase sa yo te prevwa. Menm jan an tou, difikilte sa a gen yon gwo enpak sou dewoulman pwosesis elektoral la. Jiska mèkredi 2 septanm 2026 la, sou 105 òganizasyon politik ki te oganize yo, se sèlman 21 ki te rive ranpli kondisyon sa a. Paske etap sa a obligatwa pou yon pati ka depoze kandida yo, KEP a deside bay yon ti tan anplis jiska 14 oktòb 2026.

Desizyon sa a fèt apre plizyè rankont ak korespondans ant pati politik yo ak konsèy la. Malgre ajisteman sa a ki touche plizyè aktivite nan fason pwosesis la ap mache, KEP a konfime dat 13 desanm 2026 la toujou kenbe pou premye tou eleksyon prezidansyèl, lejislativ ak referandòm konstitisyonèl la.

Nouvo kalandriye pou etap enskripsyon yo:
* Enskripsyon sou entènèt pou kandida yo: soti 20 out rive 20 septanm 2026
* Depo dokiman yo mande yo: soti 13 rive 22 septanm 2026
* Analiz dosye yo: soti 13 rive 28 septanm 2026
* Piblikasyon lis pwovizwa kandida yo: 29 septanm 2026
* Kontestasyon nan BCEC: soti 30 septanm rive 7 oktòb 2026
* Kontestasyon nan BCED: soti 30 septanm rive 9 oktòb 2026
* Jesyon rekou nan BCEN: soti 7 rive 13 oktòb 2026
* Piblikasyon lis definitif kandida ki konfime yo: 14 oktòb 2026.

Enstitisyon elektoral la mande tout responsab pati ak gwoupman politik yo pou yo pwofite ti tan an plis sa a byen epi pou yo fin fè tout demach nesesè yo anvan delè a rive nan bout li.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Nasyonzini mete an gad kont yon nouvo dat eleksyon ki pa chita sou reyalite teren an.

  Reprezantan espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an an Ayiti, Carlos Ruiz Massieu, lanse yon apèl …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager