Konsèy Electoral Pwoviswa (KEP) nan peyi a angaje li nan yon seri rankont entansif ak tout gwo poto nan lavi nasyonal la. Soti nan Gouvènman an pase nan fòs sekirite yo, patnè entènasyonal yo, aktè politik yo ak òganizasyon sosyete sivil yo, enstitisyon an ap chèche bati yon konsansis …
Read More »Nasyonzini mete an gad kont yon nouvo dat eleksyon ki pa chita sou reyalite teren an.
Reprezantan espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an an Ayiti, Carlos Ruiz Massieu, lanse yon apèl fèm bay otorite ayisyen yo. Li mande gouvenman an ak Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) pou yo mete tèt ansanm yon fason pou fè yon evalyasyon serye sou kondisyon sekirite ak lojistik nan peyi a, …
Read More »KEP pase men nan kalandriye elektoral la: Enskripsyon kandida yo pwolonje jiska 31 oktòb 2026.
Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) anonse yon seri chanjman enpòtan nan kalandriye pou òganizasyon pwochen eleksyon yo. Pami prensipal desizyon ki pran yo, enstitisyon an pwolonje dat pou kandidat yo enskri sou entènèt epi pote pyès yo rive jis pou 31 oktòb 2026. Ajistman sa a vin rive touswit apre …
Read More »Ayiti/Eleksyon: KEP a pase men nan kalandriye elektoral la, men dat 13 desanm nan pa chanje
Enskripsyon 30 000 manm yo sou platfòm dijital Konsèy Electoral Pwovizwa a (KEP) pran plis tan pase sa yo te prevwa. Menm jan an tou, difikilte sa a gen yon gwo enpak sou dewoulman pwosesis elektoral la. Jiska mèkredi 2 septanm 2026 la, sou 105 òganizasyon politik ki te oganize …
Read More »Ayiti/Eleksyon: KEP a pibliye kalandriye li, tout je fikse sou sekirite a.
Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) rann piblik, lendi 27 jiyè 2026 la, kalandriye pou pwochen eleksyon yo nan peyi a. Dapre sa KEP a anonse nan yon kominike, premye tou an ap fèt 13 desanm 2026 epi dezyèm tou an fikse pou 21 fevriye 2027. Nan kominike sa a, enstitisyon …
Read More »Ayiti/Edikasyon: Kalandriye egzamen sou papye, lekòl fèmen sou teren an
Pandan gwo kriz sekirite a ap kontinye paralize peyi a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) chwazi rale kò li pou li pibliye, dat samdi 16 me 2026 la, kalandriye ofisyèl egzamen leta yo pou ane akademik 2025-2026 la. Yon desizyon anpil moun nan sektè edikasyon an konsidere tankou …
Read More »Ayiti/Eleksyon: Plis pase 35 pati politik gentan anrejistre nan premye semèn nan
Nan kad aplikasyon kalandriye elektoral la, premye semèn enskripsyon pou pati politik, gwoupman ak regwoupman yo fini ak yon bilan ki montre yon sèten enterè pou pwosesis la. Soti 2 pou rive 8 mas, Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) a anrejistre plis pase 35 antite ki manifeste volonte yo pou patisipe …
Read More »
Echojounal echojounal.net