Yon nouvèl ki ap kouri sou rezo yo ak nan medya entènasyonal yo pote gwo tansyon sou sèn jeopolitik la. Prezidan Salvadò a, Nayib Bukele, pibliye yon gwo mesaj sou platfòm X (ansyen Twitè) kote li voye yon avètisman san manman ni papa bay gang ame ki ap simaye latèrè an Ayiti. Aksyon sa a vini apre enfòmasyon ki konfime anlèvman kat teknisyen salvadoryèn ki te ap travay nan domèn avyasyon, epi ki te tonbe an otaj pandan yo te ap tounen sot nan yon makèt.
Fas ak sitiyasyon sa a, Prezidan Bukele pa fè moun ap mande ki pozisyon li genyen. Li konfime klèman ke otorite salvadoryèn yo deklanche yon operasyon militè dirèk pou rantre an aksyon epi pote sekou bay sitwayen li yo.
Chèf deta a pa kache mo pou li di sa li panse ak kriminèl yo :
« Atak jodi a pa anyen konpare ak sa ki pral rive », se sa li te afime avèk anpil fèmte, li egzije pou yo lage kat otaj yo imedyatman san yo pa gen yon ti grafonyen.
Nan menm pòs la, li fè tout moun sonje rezilta radikal li te jwenn nan peyi l lè l te netwaye estrikti bandi tankou MS-13 ak Barrio 18. Li pa manke voye yon ti pik pou li di li ka aplike menm metòd feròs la sou sol ayisyen an si otaj yo pa retounen an vi.
Zak sa a vin mete an danje estati misyon teknik ak fòs koperasyon ki ap ede nan domèn sekirite ak avyasyon nan yon peyi ki ap bat je pou li soti anba yon kriz miltidimansyonèl san parèy.

Pandan nou ap tann pou wè ki jan operasyon militè sa a pral debouche sou teren an, je tout nasyon an fikse sou Pòtoprens kote chak èdtan kapab pote nouvèl ki enpòtan sou sò kat teknisyen salvadoryèn yo.
Echojounal echojounal.net