Apre li fin pase plis pase kat jou nan gadavi nan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ), Antoine Jean Simon Fénelon, Direktè Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon (DIE), jwenn liberasyon li. Direktè a, ki te anba akizasyon ansanm ak plizyè lòt anplwaye pou yon dosye de paspò ki ta enprime deyò pwosedi nòmal yo, soti tèt wo apre yon rapò DCPJ fin montre li inosan nan dosye sa a.
Dosye sa a leve anpil kòlè nan mitan opinyon piblik la ak moun ki ap suiv fonksyònman leta a. Dapre analiz plizyè obsèvatè, desizyon otorite polisyè ak jidisyè yo pou yo te arete kad DIE yo anvan menm yo te mennen yon ankèt serye, se yon prèv klè de enkonpetans ki ap donnen nan pi wo nivo leta a.
Olye pou otorite yo te chache konnen verite a anvan yo aji, yo te pito chwazi chemen espektak la, yon aksyon ki pa sèlman sal imaj Direktè Fénelon, men ki voye yon move siyal sou fason yo trete moun ki ap travay serye nan peyi a.
Paspò ayisyen an se pa sèlman yon papye vwayaj; se sèl pyès idantite nasyonal ki rete yon sèten nivo fyab nan je rès mond lan. Lè otorite yo deside « avili » moun ki ap jere enstitisyon sa a san prèv, se tout peyi a nèt yo imilye.
« Se pa sèlman direktè a yo te vle kraze, se kredibilite pi gwo pyès idantite peyi a yo mete an dout pou granmesi, » deklarasyon sa a montre jan sitiyasyon an grav.
Anpil vwa leve pou lonje dwèt sou silans ak aksyon Premye Minis la, Minis Enteryè a, ak Minis Jistis la nan dosye sa a. Yo akize yo kòm moun ki echwe nan misyon yo pou pwoteje sitwayen ki ap sèvi leta ak onètete. Pou anpil moun, sèl objektif operasyon sa a se te kraze yon jèn kad ayisyen konpetan ki ap fè travay li kòmsadwa.
Pandan Antoine Jean Simon Fénelon ap reprann libète li, kesyon an rete poze: Ki reparasyon ki ap fèt pou imaj li ki sal la, epi kilè leta ap sispann sèvi ak lajistis kòm zouti pou pèsekite pwòp sèvitè l yo?
Echojounal echojounal.net