‎Ayiti/jistis: Yon « Blanchisaj » ki poze kesyon pandan eleksyon ap pwoche

Nan yon moman kote bri sapat eleksyon ap kòmanse tande nan tout kwen peyi a, yon desizyon Lajistis fenk tonbe tankou yon kout foud: Kou Dapèl Pòtoprens deside leve tout chaj ki te peze sou do de (2) ansyen potanta politik, Joseph Lambert ak Youry Latortue.

‎​Si pou patizan yo se yon viktwa, pou anpil obsèvatè, desizyon sa a sanble plis ak yon operasyon « propreté » (netwayaj) ki fèt rapid-prese pou remete de kòk kalte sa yo nan jwèt politik la.

‎​Li difisil pou nou bliye rapò Inite pou Lit Kont Koripsyon (ULCC) te rann piblik. Pou Youry Latortue, se pa te pawòl anlè: yo te jwenn prèv kote manman li te sou lis chèk biwo li kòm kòdonatris. Yon ka klè de « prise illégale d’intérêts » dapre lalwa, kote yon eli sèvi ak pouvwa li pou li bay fanmi li avantaj sou do Leta.

‎​Poutan, jodi a, jij yo deside dekoupe dosye sa yo. Èske se prèv yo ki pa te ase, oubyen se « mizik » politik la ki chanje? Lè nou konnen kijan sistèm jidisyè nou an souvan makonnen ak enterè moun ki gen pouvwa, li nòmal pou popilasyon an mande: Kisa ki kache dèyè blanchisaj sa a?

‎​Operasyon « Lave Figi » anvan vòt la
‎​Eskandal koripsyon sa yo te tankou yon gwo tach lank sou chemiz de ansyen senatè sa yo, sitou ak sanksyon entènasyonal ki sou do yo pou afè gang ak trafik dwòg. Pou yo te ka retounen sou sèn nan ak « tèt klere » anvan eleksyon yo kòmanse, yo te bezwen yon papye nan men jistis peyi yo.

‎​Poukisa kounye a? Eleksyon yo sou wout pou òganize.
‎​Ki mesaj sa voye? Sa montre ke nan peyi Dayiti, ou mèt gen rapò enstitisyon leta kont ou, yon desizyon tribinal ka toujou « lave w » si van an soufle nan sans ou.

‎​Yon sistèm ki an pàn kredibilite
‎​Pandan ULCC ap depanse lajan ak enèji pou fè ankèt, desizyon sa a rann travay yo a sanble ak yon kout batay nan dlo. Si vòlè kabrit yo plen prizon yo, men gwo otorite ki akize pou move jesyon lajan taks pèp la ap mache lib, sa moutre nivo dekourajman sitwayen yo pi fon.

‎​Antouka, wout vè eleksyon yo sanble ap trase ak menm vye pratik yo. Lambert ak Latortue jwenn « batèm » yo nan men lajistis, men èske pèp la, ki ap gade mizè li chak jou, ap aksepte « propreté » sa a kòm laverite? Sa se yon lòt koze.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Jistis: Antoine Jean Simon Fénelon libere, yon gwo souflèt pou jistis ak leta ayisyen

Apre li fin pase plis pase kat jou nan gadavi nan Direksyon Santral Polis Jidisyè …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager