Nan yon ti bat bouch Erick Prince te genyen ak media Reuters, mouche a fè konnen li genyon kontra ak gouvènman defakto ayisyen an pou 10 lane, yon pawòl ki fè anpil moun sezi e kèk moun nan gouvènman defakto a kòmanse rale kò yo.
Selon mouche Prince ki pa bay montan kontra sa, li fè konnen yo ap gen pou kontwole tout taks sou tout pwodui ki ap antre e soti nan peyi repiblik Dominikèn yo pandan 10 lane, li fè konnen ekip li a ap gen pou konbat bandi yo e pran kontwòl tout kote yo ap pyafe yo espesyalman wout nasyonal yo.
Yon nouvèl ki pouse ansyen kòdonatè « Konsèy Prezidansyèl chak moun fè ti kout la », Fritz Alphonse Jean reyaji, mesye a fè konnen li pa te konn bagay sa e pèsòn moun nan antouraj li pa te okouran, li mande pou manm konsèy yo reyini vit pou fè gouvènman defakto bay eskplikasyon sou yon kontra konsa, yon reyaksyon ki deja jwenn sipò kèk lòt manm nan konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la.
Rod Joseph ki se yon veteran nan lame ameriken e ki te fèt nan lakou peyi Dayiti fè konnen Blackwater ke Erick Prince ap dirije a pa gen pwojè pou rezoud pwoblèm ensekirite a men pou okipe peyi a e fè lajan.