Inite ki ap Goumen kont Koripsyon (ULCC) pa nan jwèt ak kesyon transparans lan. Nan yon nòt ofisyèl ki soti nan biwo Direktè Jeneral la, enstitisyon an pase lòd bay ansyen manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon chakou moun fè ti kout la (CPT) ansanm ak chèf kabinè yo pou yo vin fè deklarasyon byen yo.
Dapre lalwa, ansyen gwo fonksyonè sa yo gen jiska 7 mas 2026 pou yo remèt rapò konplè sou sa yo posede bay ULCC.
ULCC raple tout moun konsène yo ke demach sa a se pa yon opsyon, men se yon egzijans Lalwa 12 fevriye 2008 la sou deklarasyon patrimon (byen). Lalwa sa a te fèt pou evite koripsyon ak anrichisman ilegal nan mitan moun ki ap jere lajan Leta.
Lè yon otorite kite pouvwa a, li dwe montre sa li te genyen anvan li te antre nan pòs la ak sa li genyen lè li soti, pou popilasyon an ka konnen si li te sèvi peyi a tout bon vre oubyen si li te nan vòlò.
Nòt ULCC a klè kou dlo kokoye: tout moun ki pa respekte dat limit 7 mas la ap gen pwoblèm ak lajistis. Yo riske:
- Pouswit jidisyè pou « défaut de déclaration de patrimoine ».
- Sanksyon administratif ki ka anpeche yo okipe lòt pòs nan Leta a pi devan.
- Gwo amand ak lòt penalite lalwa prevwa.
Dosye sa a ap suiv ak anpil atansyon nan men sosyete sivil la, sitou nan yon moman kote Ayiti ap chèche rekonstwi enstitisyon li yo sou baz entegrite ak onètete.
Echojounal echojounal.net