Apre gwo desizyon « Réseau haïtien des journalistes anti-corruption » ki gen pou sig RHAJAC te pran kont premye minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé nan dat 7 jiyè 2025 lan kote yo te ekri kou siperyè dèkont ki gen pou sig nan lang franse CSCCA ki gen nan tèt li Rogavil Boisguéné sou jan premye minis defakto ap benyen nan koripsyon, jounen 9 jiyè 2025 lan, prezidan konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la, Fritz Alphonse Jean ekri premye minis defakto a pou li mande ti limyè sou kèk kontra mouche a siyen ak kèk akolit li nan sektè prive a.
Nan lèt sila ki pote siyati Fritz Alphonse Jean, konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la mande premye minis defakto a detay sou kat (4) dosye ki pa klè ditou. Premye dosye a se yon kontra ant CPS ak APN pou yon dire 27 lane, dezyèm nan se dosye otèl Oasis la ki gen pou patnè BNC, ONA ak FDI, nan dosye sa selon Fritz Alphonse Jean leta riske pèdi 17 milyon aktif, twazyèm dosye a se nan sistèm paspò a e katriyèm dosye a se nan kesyon sekirite a.
Selon enfo yo dosye sa yo se premye minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé ki pran tout desizyon li pou kont li, san li pa respekte okenn nan nan règ yo.
Echojounal echojounal.net