Ayiti/kòripsyon: RHAJAC mande anilasyon yon dekrè li di ki ap pwoteje ansyen manm CPT yo

Batay kont enpinite a pran yon lòt viraj nan peyi Dayiti. Rezo Jounalis Ayisyen kont Kòripsyon (RHAJAC) leve vwa li byen fò pou li denonse yon dekrè ki te soti nan dat premye desanm 2025 la. Dapre òganizasyon an, dekrè sa a sou « Haute Cour de Justice » se yon estrateji pou anpeche lajistis rapouswiv ansyen gwo chèf leta yo, espesyalman ansyen manm Konsèy Prezidan Tranzisyon chak moun te fè ti kout la. (CPT).

​Nan yon nòt pou laprès ki soti lendi sa a, RHAJAC esplike dekrè sa a kreye yon sitiyasyon kote tribinal nòmal yo pa gen pouvwa ankò pou jije ansyen gwo fonksyonè leta. Pwoblèm nan, sèke « Haute Cour de Justice » la pa ka egziste nan moman an paske pa gen Palman (Depite ak Senatè) pou fòme li.

​Pou jounalis ki ap goumen kont kòripsyon yo, sa se yon « blokaj jidisyè » ki planifye. Si yon ansyen manm CPT ta gen akizasyon kòripsyon oswa vòlò lajan leta sou do li, dosye a ap rete nan tiwa paske pa gen enstitisyon ki pou jije li selon dekrè sa a.

​Sekretè jeneral RHAJAC la, Djovany Michel, pa pase pa kat chemen. Li mande Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pou li abwoje (anile) dekrè sa a imedyatman.

​« Okenn vid enstitisyonèl pa dwe sèvi kòm kachèt pou moun ki te nan pouvwa. Tout moun egal devan lalwa, » se sa nou kapab li nan nòt la.

​Peyi a ap travèse yon moman kote popilasyon an ap mande kont sou jan lajan Leta te jere pandan tranzisyon an. Pou RHAJAC, kite dekrè sa a kanpe, se bay tout moun ki te komèt move zak yon « paspò pou enpinite ».

​Rezo a pwomèt li ap rete vijilan epi li ap kontinye mobilize pou fè presyon pou gen transparans nan jesyon zafè piblik yo. Pou kounye a, je tout moun ap gade bò kote Primati a pou wè si gouvènman an ap tande rèl jounalis yo epi retire dekrè sa a ki fè anpil pale a.

About Echojounal

Check Also

Crise énergétique à Cuba : Air Canada suspend la liaisons face à la pénurie de carburant

La compagnie aérienne Air Canada a annoncé, ce lundi 9 février, la suspension immédiate de …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager